1 Kings 11:2
Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:3Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.
Exodus 34:16Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.
Deuteronomy 7:3Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.
Judges 3:6Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
1 Kings 16:31Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
2 Chronicles 21:6Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a.