1 Kings 12:25
Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:30Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
Genesis 32:32Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.
Judges 8:17Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.
Judges 9:45Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.
1 Kings 9:17Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an,
1 Kings 15:17wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida.