1 Kings 12:28
Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
Cross References
Exodus 1:10Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.
Exodus 32:4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 4:14Lè sa a, Seyè a pase m' lòd pou m' moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.
1 Kings 12:8Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy.
2 Kings 17:8Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.
2 Chronicles 11:15Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.