1 Kings 13:1
Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:27Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.
1 Kings 12:32Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
1 Kings 13:5Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.
1 Kings 13:26Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la.
1 Kings 20:35Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.
2 Chronicles 9:29Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.