1 Kings 13:22
Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li.
Cross References
1 Kings 13:30Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l'. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m' vre?
2 Chronicles 21:19Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo.
Jeremiah 22:18Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.