1 Kings 13:26
Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Li di pitit gason l' yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye.
Cross References
2 Samuel 12:10Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen.
Psalms 119:120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
Ezekiel 9:6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.
Hebrews 12:28Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif.