1 Kings 13:6
wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.
Cross References
Exodus 8:8Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a.
Exodus 8:28Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.
Exodus 10:17Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'!
Numbers 12:13Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non!
1 Samuel 12:19Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Jeremiah 37:3Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout.