1 Kings 14:13
Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 12:12Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.
Job 19:28paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?
Jeremiah 22:18Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.
Philemon 1:6M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.