1 Kings 14:3
W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 13:7Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.
2 Kings 4:42Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.
2 Kings 5:15Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
2 Kings 8:8Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: —Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.
Luke 7:2Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri.
John 11:3De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.