1 Kings 14:31
Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran.
Cross References
1 Kings 11:1Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et.
1 Kings 14:20Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.
1 Kings 15:3Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
1 Kings 22:50Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.
2 Chronicles 12:16Lè Woboram mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.