1 Kings 14:8
Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.
2 Chronicles 17:3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.
Acts 13:22Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè.