1 Kings 15:3
Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon.
Cross References
1 Samuel 25:28Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.
1 Kings 3:14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
2 Chronicles 31:20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.