1 Kings 16:13
Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.
14Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
Cross References
1 Samuel 12:21Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.
1 Kings 15:30Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.
2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.
Jeremiah 10:3Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Jeremiah 10:15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
Romans 1:21Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.