1 Kings 16:33
Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.
Cross References
1 Kings 14:9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.
1 Kings 16:29Wa Asa te gen trantwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.
1 Kings 21:25Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
1 Kings 22:8Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
2 Chronicles 21:13Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.