1 Kings 16:9
Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:2Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.
Genesis 39:4Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.
1 Samuel 25:36Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.
1 Kings 15:27Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab.
1 Kings 20:16Vè midi, yo soti al atake pandan Bennadad ansanm ak trannde lòt wa ki t'ap mache avè l' yo t'ap bwè anba tant yo.
2 Kings 9:30Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.