1 Kings 17:4
W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaou yo lòd pou yo pote manje ba ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Eli fè sa Seyè a te di l' fè a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la.
Cross References
1 Kings 13:28Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l' toujou. Lyon an pa t' manje kadav la, ni li pa t' fè bourik la anyen.
1 Kings 19:5Li lage kò l' anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l'. Antan l' nan dòmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje!
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Job 38:41Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?
Psalms 147:9Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
Jonah 2:1Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: