1 Kings 18:22
Eli di yo: -Nan tout pwofèt Seyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (0450) pwofèt Baal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
1 Kings 20:13Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
1 Kings 20:35Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.
1 Kings 22:6Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.
Romans 11:3Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo; se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m' tou?
2 Peter 2:1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.