1 Kings 18:36
Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
Cross References
Genesis 31:53Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a.
Genesis 46:3Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Exodus 29:41W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Numbers 16:29Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m'.
2 Samuel 7:26Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.