1 Kings 18:42
Akab al manje, l' al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
2 Samuel 12:16David tonbe lapriyè Seyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.
1 Kings 19:13Lè Eli tande l', li kouvri tèt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l': -Eli, sa w'ap fè isit la?
Job 37:11Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
Isaiah 6:2Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.
Jeremiah 46:18Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.