1 Kings 18:44
Sou setyèm fwa a, domestik la di l': -Mwen wè yon ti nwaj k'ap moute sot lòt bò lanmè a. Li gwosè yon pla men. Lè sa a Eli bay domestik li a lòd sa a: -Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 6:10Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay.
Micah 1:13Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.
Luke 12:54Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.