1 Kings 18:7
Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l': -Se ou menm vre, Eli, mèt mwen?
Bib La
In The King James Version
In Context
8Eli reponn: -Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m' isit la!
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Genesis 44:16Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
Genesis 44:33Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou.
Numbers 12:11Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la!
2 Samuel 19:18Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a.
2 Kings 1:6Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.