1 Kings 19:14
Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:25Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.
1 Kings 19:9Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Seyè a pale ak Eli ankò, li di li: -Eli, sa w'ap fè la a?
Isaiah 1:4Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.
Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Daniel 11:30Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.
Hebrews 8:9Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.