1 Kings 19:16
Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 1:34Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!
1 Kings 19:19Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.
2 Kings 2:9Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
2 Kings 9:1Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
2 Kings 9:3W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.
2 Kings 9:12Mesye yo reponn: —Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: —Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.