1 Kings 19:18
Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Psalms 2:12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Isaiah 10:20Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Hosea 13:2Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf!
Romans 14:10Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.