1 Kings 19:3
Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:12Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'.
Exodus 2:15Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
1 Kings 4:25Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.
Amos 7:12Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!
Matthew 26:70Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.