1 Kings 2:1
Lè David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l' lan, li ba li dènye volonte l'. Li di l' konsa:
Bib La
In The King James Version
Now the days of David drew nigh that he should die; and he charged Solomon his son, saying,
In Context
Cross References
Numbers 27:19epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
Deuteronomy 31:14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
Deuteronomy 33:1Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.
1 Timothy 1:18Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.
2 Timothy 4:1Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:
2 Peter 1:13Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.