1 Kings 2:15
Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?
16Bon, yon sèl favè m'ap mande ou. Pa refize m' li.
Cross References
2 Samuel 7:12Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
2 Samuel 15:6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.
2 Samuel 16:18Ouchayi reponn li: -Ki jan pou m' ta fè sa? Se pou moun Seyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l' pou m' rete.
1 Kings 1:25Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
1 Chronicles 22:9Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.
1 Chronicles 28:5Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.