1 Kings 2:27
Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:27Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.
1 Samuel 2:31Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.
1 Kings 4:4Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.
Jeremiah 7:12Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.
John 12:38Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a?
John 19:28Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.