1 Kings 2:32
Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:11Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.
Numbers 32:23Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.
Judges 9:57Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.
2 Samuel 3:26Lèfini, Joab soti kay David, li voye moun al chache Abnè san David pa konnen. Yo jwenn Abnè bò sitèn dlo Sira a, yo fè l' tounen.
2 Samuel 3:37Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te vin konnen tout bon vre wa a pa t' gen anyen pou l' te wè nan jan yo te ansasinen Abnè, pitit gason Nè a.
2 Samuel 17:25Absalon te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Izmayèl. Manman l' te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab.