1 Kings 2:33
Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezè a.
Cross References
Genesis 42:22Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.
Judges 9:24Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
2 Samuel 3:29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
1 Kings 2:44Ou konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m'. Seyè a pral pini ou pou sa.
2 Kings 5:27Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
Psalms 21:4(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.