1 Kings 2:4
Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
2 Samuel 7:11lè mwen te mete jij yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit.
2 Samuel 7:16Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Kings 1:48Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.