1 Kings 2:44
Ou konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m'. Seyè a pral pini ou pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Poukisa atò ou pa kenbe pwomès ou te fè devan Seyè a? Poukisa ou dezobeyi m'?
45Men, l'ap beni m', mwen menm Salomon. L'ap fè gouvènman fanmi David la chita pou tout tan.
Cross References
1 Samuel 25:39Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm.
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Psalms 7:16(07:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!
Proverbs 5:22Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.
Hosea 4:9Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.
Romans 2:15Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè.