1 Kings 2:5
Koulye a, ou konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fè m' lè li te touye de jeneral lame pèp Izrayèl la: Abnè, pitit gason Nè a, ak Amasa, pitit gason Jetè a. Ou chonje jan lè sa a pa t' gen lagè. Li touye yo pou l' te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagè. Li touye de inonsan, kifè jouk jounen jòdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Ou konnen sa ou gen pou fè. Pa kite se vyeyès ki touye l'.
Cross References
2 Samuel 2:18Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.
2 Samuel 3:39Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.
2 Samuel 18:5Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a: -Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande! Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a.
2 Samuel 18:14Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a.
2 Samuel 20:10Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba.
1 Kings 1:18Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa.