1 Kings 20:21
Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:20Jozye ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo.
Judges 7:23Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.
1 Samuel 14:20Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt.
1 Samuel 19:8Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li.
2 Kings 3:24Men lè moun Moab yo rive nan kan moun Izrayèl yo, moun Izrayèl yo tonbe sou yo, yo kòmanse bat yo. Moun Moab yo pran kouri. Moun Izrayèl yo antre dèyè yo nan peyi Moab, yo touye tout moun Moab ki tonbe anba men yo.