1 Kings 20:30
Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 9:40Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la.
1 Kings 20:10Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen
1 Kings 20:26Ennan apre, dat pou dat, li reyini tout sòlda moun peyi Siri yo, li mennen yo jouk lavil Afèk pou y' al atake moun peyi Izrayèl yo.
2 Kings 9:2Lè w'a rive, w'a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W'a antre kote l' ye a, w'a fè l' leve kite kanmarad li yo, w'a mennen l' nan yon pyès apa.
Psalms 18:25(018:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
Jeremiah 48:44Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri soti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Seyè a te fikse pou li pini Moab la rive sou li. Se Seyè a menm ki di sa.