1 Kings 20:32
Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plòtonnen moso kòd nan kou yo, y' al jwenn Akab, yo di l' konsa: -Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l'. Akab reponn: -An! Msye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:3pou di li: -Wa Bennadad voye di ou tout bagay ou gen an lò ak an ajan se pou li yo ye. Tout madanm ou yo ak tout pi bon pitit gason ou yo se pou li yo ye tou.
1 Kings 20:42Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.
Job 40:11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Obadiah 1:3Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a!