1 Kings 20:42
Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
41Pwofèt la prese wete moso twal ki te bouche figi l' la. Lamenm wa a rekonèt se yonn nan pwofèt yo.
43Se konsa, wa peyi Izrayèl la tounen lakay li lavil Samari, li te boulvèse, men li byen mare.
Cross References
1 Samuel 15:9Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Kings 20:39Lè wa a vin ap pase, pwofèt la pran pale byen fò, li di konsa: -Monwa, mwen te nan mitan batay la, mwen t'ap goumen lè yon sòlda mennen yon lènmi li te fè prizonye. Li di m' konsa: Veye msye pou mwen. Si ou kite l' chape anba men ou, m'ap touye ou osinon w'ap peye twamil (03.000) pyès an ajan pou li.
1 Kings 22:37paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'.
2 Kings 8:12Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.