1 Kings 21:25
Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 11:1Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et.
1 Kings 16:30Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.
1 Kings 19:2Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l': -Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.
1 Kings 21:20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.
2 Kings 9:22Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
2 Kings 23:25Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la.