1 Kings 22:16
Men Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a se pou di m' laverite?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:26Lè sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pèdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pòtay li yo, l'ap pèdi dènye pitit gason l' la.
2 Chronicles 18:15Men, Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a, se pou ou di m' laverite?
Jeremiah 42:3Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè.
Matthew 26:63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
Acts 19:13Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti.