1 Kings 22:24
Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:11Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo.
Isaiah 50:5Seyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li.
Jeremiah 29:26-Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.
Micah 5:1Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'.
Matthew 26:68Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
Mark 14:65Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.