1 Kings 22:30
Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 14:2Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.
1 Kings 20:38Lèfini, pwofèt la kouvri figi l' ak yon moso twal pou moun pa rekonèt li, l' al kanpe bò wout la ap tann wa a pase.
2 Chronicles 18:29Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, li al goumen.
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.