1 Kings 22:34
Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.
Cross References
1 Samuel 17:49Li foure men l' nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè.
2 Kings 9:24Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.
2 Chronicles 35:23Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale.
Micah 6:13Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt.