1 Kings 22:36
Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo,
Bib La
In The King James Version
In Context
37paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'.
Cross References
Judges 7:7Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.
1 Samuel 4:10Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (030000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.
1 Kings 12:16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
1 Kings 22:17Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
2 Kings 14:12Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo.