1 Kings 22:4
Lèfini li mande Jozafa: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Annou mande Seyè a sa li di nan sa.
Cross References
2 Kings 3:7Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: —Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: —Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Proverbs 13:20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
2 Corinthians 6:16Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.
2 John 1:11Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.