1 Kings 22:48
Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.
Bib La
In The King James Version
In Context
47(Lè sa a, pa t' gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)
Cross References
Genesis 27:37Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen?
2 Samuel 8:14Li mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
1 Kings 9:28Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.
2 Kings 3:9Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.
2 Chronicles 9:21Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
2 Chronicles 20:35Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a.