1 Kings 22:8
Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
1 Kings 19:14Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
1 Kings 21:20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.
1 Kings 22:13Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a.
2 Kings 9:22Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
Psalms 34:21(034:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.