1 Kings 3:14
Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
1 Kings 2:3Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.
1 Kings 3:6Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.
1 Kings 11:34Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo.
1 Chronicles 22:12Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.