1 Kings 3:7
Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:2-Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.
2 Samuel 5:2Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
1 Chronicles 29:1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.
Psalms 121:8L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.
Ecclesiastes 10:16Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.
Daniel 2:21Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.