1 Kings 3:8
Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Genesis 22:17Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
Leviticus 26:9M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.
1 Samuel 12:22Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
1 Chronicles 21:2Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.
1 Chronicles 27:23David pa t' fè konte moun ki pa t' ankò gen ventan sou tèt yo, paske Seyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la.