1 Kings 4:25
Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Salomon te gen katmil (04.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda.
Cross References
Judges 20:1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.
2 Samuel 24:15Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri.
Isaiah 60:18Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Jeremiah 33:15Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.
Micah 4:4Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!